KISA POU ATANN APRÈ YON PLENT AVEC LAPOLIS

Paj sa a bay enfòmasyon sou sa ou ka atann nan men lapolis ak Biwo Pwokirè apre ou fin depoze yon plent.

  1. In progress: ENVESTIGASYON LAPOLIS

    Apre ou fin rapòte yon krim, lapolis pral kòmanse yon envestigasyon. Pandan tan sa, lapolis pral rasanble prèv epi kesyone moun ki ka gen rapò ak ka a. Souvan, yo pral evalye ka a ak Biwo Pwokirè a. Nan moman ou rapòte krim lan bay lapolis, y ap fè w konnen si ou ka reklame konpansasyon kòm konsekans krim lan. Medyasyon se yon opsyon aussi.

    Apre evenstigasyon la fini, lapolis soumèt dosye a nan Biwo Pwokirè a. Yon Pwokisitè deziyen ak asistan legal revize ka a epi enfòme w sou desizyon an ak pwogrè. Nan ka ki mwens grav, ka a ka finalize ak yon amann pou moun ki komèt krim lan, oubien konpansasyon pou viktim nan san pwosedi tribinal.

    Lapolis ak / oubien pwosekitè a ka sispann yon evenstigasyon nan yon sitiyasyon si yo pa jwenn ase enfòmasyon pou trase moun yo sispèk nan krim nan oubien si gen yon mank de prèv pou sipòte yon ka nan yon prosè legal. Lapolis oubien pwosekitè a pral enfòme w de youn nan posiblite a pi vit ke posib.

  2. In progress: AVANSE PWOSEDI KRIMINAL

    Pandan evenstigasyon lapolis la ka arete yon sispèk. Depi gen ase enfòmasyon pou pouswiv yon sispèk, pwosekitè a pral detèmine ki aksyon yo pral pran tankou mande jij enstriksyon an pou detansyon prevantif ak / oubien soumèt yon ka pou trete pa tribinal la.

    Pwosikitè a pral kontakte w lè ka a soumèt epi anrejistre nan Biwo Pwokirè a. Lè sa a, ou ka endike si ou vle yo enfòme sou pwosedi a.

    Pwosikitè a pral enfòme w sou dat tribinal la ak dwa’w kòm viktim oswa fanmi yon viktim nan yon pwosedi kriminèl.

    Lòt enfòmasyon ka enkli yon sispansyon de detansyon prevantif sispèk la si se posib.

    Pwokisitè a ka revoke yon ka. Sa vle di li pa pral pouswiv ankò. Si yo revoke ka a, w ap resevwa yon lèt ki gen yon eksplikasyon ak enfòmasyon sou lòt etap ou ka pran si w pa dakò ak desizyon an.

  3. In progress: KI DWA OU GENYEN PANDAN YON ENVESTIGASYON / PWOSESIS KRIMINAL?

    Si yo mennen ka w nan tribinal la, ou ka mande jij la pou mete reklamasyon konpansasyon w lan nan ka a. Sa ka enplike konpansasyon pou pwopriyete  yo vòlè oubie, ki andomaje, depans medikal ki pa kouvri pa asirans oubien pèt revni. W ap resevwa yon fòm reklamasyon nan men pwosekitè a. Ou dwe prezan nan lodyans tribinal la pou soumèt reklamasyon w la.

    Pwokisitè a pral pran yon desizyon sou reklamasyon w la nan ka ki mwens grav ke yo trete deyò tribinal la.

    Si yo te jwenn kòm prèv pwopriyete w ki te sezi oubien te vòlè nan evenstigasyon kriminèl la, anjeneral yo remèt li ba ou apre pwosekitè a finalize evenstigasyon an epi mennen ka a nan tribinal. Lapolis pral kontakte w pou diskite de ki jan, ki kote, ak ki lè ou ka rekipere pwopriyete w la.

  4. In progress: LE'W KONTAKTE PWOKISITÈ A

    Viktim (oubien fanmi yon viktim) krim grav ak vyolan, tankou yon vòl, yon ofans seksyèl, oswa yon atak agrave, ka mande yon reyinyon ak pwosekitè a. Yo ka mande yon reyinyon konsa, pa egzanp, sou:

    * Pwosedi jijman kriminèl la

    * Desizyon an pou ranvwaye yon ka

    * Kisa ou dwe atann pandan odyans tribinal la

    * Prèv kont sispèk la

    * Posiblite yo konjire kont yon ka

  5. In progress: ENFÒMASYON SOU BIWO PWISIKÈ A

    Biwo Pwokirè a gen responsablite pou ranfòsman  lalwa kriminèl, nan non peyi a, epi egzaminen rezon ki fè yo mennen yon sispèk devan Jij la nan Tribinal Premye Enstans pou fè fas ak akizasyon kriminèl.

    Yon sispèk oswa Biwo Pwokirè a ka konjire ka a  si youn nan yo pa dakò ak vèdik jij la nan Tribinal Premye Enstans. Nan Tribinal Apèl la, Biwo Pwokirè a reprezante pa avoka jeneral la.

Lapolis Sint Maarten / Korps Politie Sint Maarten

Ijans: 911

☏ Si’w pa gen ijans: +1 (721) 542-2222

☏ Liy anonim: 9300

☏ Depatman Detektif: +1 (721) 542-2222 ext. 175/176 /177

☏ Depatman Jèn ak Moral: +1 (721) 542-2222 ext. 501 / 502 / 503 oubien 504

Imèl jeneral: info@policesxm.sx

Sit entènèt: www.policesxm.sx(external link)

Facebook: Police Force Sint Maarten/ Korps Politie Sint Maarten(external link)

Lòt òganizasyon sipò

Tribinal gadyen legal (pou timoun ak jèn)

918 oubien  +1 (721) 520-1473 (disponib 24/7)

Biwo fanm

+1 (721) 520-6291 (8:00am-5:00pm)

Fondasyon Safe Haven (refij pou famn ak timoun)

9333 +1 (721) 526-8663 (disponib 24/7)

Download victims leaflet in Haitian Creole / Telechaje feyè viktim yo an Kreyòl ayisyen